Ephesians 6:2
Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l':
Bib La
In The King James Version
Honour thy father and mother; (which is the first commandment with promise;)
In Context
3Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
Cross References
Exodus 20:12Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Proverbs 20:20Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.
Ezekiel 22:7Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa.
Matthew 15:4Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'.
Romans 13:7Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte.