Ephesians 6:20
Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.
Bib La
In The King James Version
For which I am an ambassador in bonds: that therein I may speak boldly, as I ought to speak.
In Context
Cross References
2 Samuel 10:2David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun menm jan papa l', Nakach, te aji byen avè m'. Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Lè mesaje yo rive lavil Amon,
Isaiah 33:7Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo.
Jeremiah 1:7Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.
Ezekiel 2:4Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo.
Acts 5:29Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun.
Acts 26:29Pòl reponn li: Kit koulye a, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m' jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m', wetan chenn sa yo!