Ephesians 6:23
Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
Peace be to the brethren, and love with faith, from God the Father and the Lord Jesus Christ.
In Context
24benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.
Cross References
Genesis 43:23Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
Psalms 122:6Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.
Romans 1:7Se sak fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Galatians 5:6Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.
1 Thessalonians 5:8Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l' tankou yon kas an fè nan tèt nou.
2 Thessalonians 3:16Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.