Ephesians 6:4
Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
Cross References
Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
Exodus 12:26Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di,
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Deuteronomy 6:20Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo,
Joshua 4:6Wòch sa yo va sèvi pou fè pèp la chonje sa Seyè a te fè pou yo. Denmen, lè pitit nou yo va mande nou kisa wòch sa yo vle di pou nou,
Joshua 24:15Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.