The Bible Software
bible.software › Ephesians › Ephesians 6 › Ephesians 6:9

Ephesians 6:9

Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.

Bib La

In The King James Version

And, ye masters, do the same things unto them, forbearing threatening: knowing that your Master also is in heaven; neither is there respect of persons with him.

In Context

8Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l' resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a.

10Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.

Read all of Ephesians 6

Cross References

Leviticus 19:13Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten.

Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.

Deuteronomy 24:14Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo.

Nehemiah 5:5Nou menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou setoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò.

Job 24:10Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou.

Psalms 140:12(0140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Ephesians 6:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Ephesians 6:8Ephesians 6Ephesians 6:10 →