Esther 3:15
Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesaj la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:25Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip.
Esther 4:16-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.
Psalms 37:7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Proverbs 4:16Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
Proverbs 31:4Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
Amos 6:6Y'ap bwè diven san gad dèyè, y'ap pase pi bon kalite odè ki genyen sou yo. Men, yo pa gen lapenn pou malè k'ap tonbe sou pitit pitit Jozèf yo.