Esther 3:5
Lè Aman wè Madoche te derefize ni mete ajenou, ni bese tèt li jouk atè devan li lè l'ap pase, li ofiske.
Bib La
In The King James Version
And when Haman saw that Mordecai bowed not, nor did him reverence, then was Haman full of wrath.
In Context
Cross References
Esther 1:12Men lè nèg konfyans yo al di larenn Vachti lòd wa a te ba yo a, li derefize vini. Sa te fè wa a fache. Li te move anpil.
Esther 5:9Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche,
Psalms 37:12Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
Proverbs 19:19Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.
Proverbs 27:3Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.