Esther 7:9
Yonn ladan yo ki te rele Abona, di konsa: -Aman te menm gen tan fè kanpe yon poto nan lakou lakay li pou l' te pann Madoche ki te sove lavi wa a. Poto a gen swasannkenz pye wotè. Wa a bay lòd pou yo pann Aman ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.
Cross References
1 Samuel 17:51David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a soti nan djenn li, li touye l', lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò.
Esther 1:10Dènye jou fèt la, wa a t'ap bwè, kè l' te kontan. Li fè rele sèt nan nèg konfyans pa l' yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Obagta, Zeta ak Kakas.
Esther 5:14Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.
Esther 6:14Zanmi l' yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l' ale touswit nan fèt Estè te pare a.
Esther 9:14Wa a bay lòd pou yo fè sa vre. Yo fè piblikasyon nan tout lavil Souz, epi yo pann kadav dis pitit gason Aman yo sou plas piblik.
Job 27:20Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.