Esther 8:15
Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman; yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo.
Cross References
Esther 1:6Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè violèt nan bag fèt an ajan moute sou gwo poto fèt an mab. Yo te ranje bèl ti kabann fèt an lò ak an ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere, ak bèl pye ble.
Esther 5:1Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.
Esther 6:11Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l' sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li.
Proverbs 11:10Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun.
Proverbs 29:2Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.
Matthew 11:8Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo.