Exodus 12:8
Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:9Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l' tout ankè ak tout tonbe a.
Exodus 13:7Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Yo pa dwe jwenn ni pen ki fèt ak ledven, ni ledven menm lakay nou, nan tout peyi a.
Exodus 34:25Lè n'ap touye yon bèt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten.
Deuteronomy 16:3Lè n'ap manje vyann bèt nou touye pou mwen an, nou pa pou manje pen fèt ak ledven avè l'. Pandan sèt jou, n'a manje pen fèt san ledven, pen malere, paske se prese prese nou te soti kite peyi Lejip la. Konsa, n'a toujou chonje tout tray nou te pase jou nou t'ap soti kite peyi Lejip la.
2 Chronicles 35:13Lèfini, moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l' la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chodyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la.
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.