Exodus 14:12
Eske nou pa t' di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 5:21Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.
Psalms 106:7Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.
Jonah 4:3Koulye a, Seyè, ou mèt tou touye m' fini ak sa. M' pito mouri pase pou m' viv pou m' wè bagay sa a devan je m'!
Mark 1:24-ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.
Mark 5:17Lè sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a.