Exodus 14:24
Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:19Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
1 Samuel 11:11Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn.
Job 23:15Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.
Job 34:29Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
Psalms 18:13(018:14) Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
Psalms 77:16(077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.