Exodus 14:28
Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 50:9Te gen anpil cha ak anpil kavalye sou chwal ki t ale avek li. Kifè pa t' manke moun nan lantèman an.
Exodus 15:10Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.
2 Chronicles 20:24Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape.
Psalms 78:53Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo.
Psalms 106:11Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape.
Psalms 136:15Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!