Exodus 15:14
Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Bib La
In The King James Version
The people shall hear, and be afraid: sorrow shall take hold on the inhabitants of Palestina.
In Context
Cross References
Numbers 14:14Lè moun pèyi Lejip yo va vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte l' bay moun ki rete nan peyi Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Seyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nwaj ou, Granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife ki te gen fòm yon poto tou.
Deuteronomy 2:4Bay pèp la lòd sa a: Nou pral pase nan mitan peyi Seyi a, kote pitit pitit Ezaou yo rete a. Moun sa yo se menm ras ak nou yo ye. Y'ap pè nou, men, atansyon!
Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
Joshua 9:9Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip,
1 Samuel 4:7yo vin pè, yo t'ap di: -Bondye moun sa yo rive nan kan yo a. Nou nan ka, devenn pa nou! Bagay konsa pa janm rive nou anvan sa!
Psalms 48:6(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,