Exodus 15:9
Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.
Cross References
Exodus 14:5Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di l' pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa l' yo chanje lide. Yo di: -Sa nou fè la a? Nou kite yo ale? Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou an?
Judges 5:30-Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l' mete nan kou l'.
1 Kings 20:10Bennadab voye yo tounen al di Akab: -M'ap vini ak anpil moun pou m' kraze lavil Samari. p'ap gen ase demoli pou m' bay chak moun ki avè m' yo ti kras pou yo pote ale sitèlman y'ap anpil. Si m' pa fè sa, se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen
Isaiah 36:20Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove yonn nan peyi sa yo anba men l'? Atò, se Seyè a ki ta ka sove lavil Jerizalèm anba men l'?
Habakkuk 3:14Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.