Exodus 16:4
Seyè a di Moyiz konsa: -Mwen pral fè pen tonbe soti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va soti chak jou pou l' ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m' wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:25Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l'. Seyè a moutre l' yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo.
Deuteronomy 8:16Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan.
Nehemiah 9:15Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki soti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete soti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y' al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a.
Nehemiah 11:23Se wa a menm ki te bay lòd sa a. Te gen yon regleman tou ki te mande pou mizisyen sa yo te fè woulman nan travay yo yonn apre lòt, yon jou pou chak moun.
Psalms 105:40Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.
Matthew 6:11Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.