Exodus 2:5
Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l' al benyen. Medam ki te avè l' yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l' wè sak tapral rive pitit la.
Cross References
Exodus 8:20Seyè a di Moyiz ankò: -Leve granmaten, ale jwenn farawon an lè li pral larivyè a. W'a di l': men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale, pou yo ka fè sèvis pou mwen.
Psalms 9:9(09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Proverbs 21:1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.
Jonah 2:10Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.