The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 23 › Exodus 23:11

Exodus 23:11

Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.

Bib La

In The King James Version

But the seventh year thou shalt let it rest and lie still; that the poor of thy people may eat: and what they leave the beasts of the field shall eat. In like manner thou shalt deal with thy vineyard, and with thy oliveyard.

In Context

10Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay.

12N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.

Read all of Exodus 23

Cross References

Leviticus 25:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Seyè a.

Leviticus 25:11Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann.

Leviticus 25:22Konsa, lè wityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n'a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lanne a. N'a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n'a gen pou n' ranmase rekòt wityèm lanne sa a.

Deuteronomy 15:11Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 23:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 23:10Exodus 23Exodus 23:12 →