Exodus 23:21
Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:3Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.
Exodus 34:5Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a.
Numbers 14:35Se mwen menm Seyè a ki di sa: Mwen fè sèman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri.
Joshua 24:19Lè sa a, Jozye di pèp la: -Nou p'ap ka sèvi Seyè a, paske Seyè a se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki fè jalouzi. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal.
Psalms 2:12bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
Psalms 78:40Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè!