Exodus 25:13
W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò.
Bib La
In The King James Version
And thou shalt make staves of shittim wood, and overlay them with gold.
In Context
12W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò.
14W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la.
Cross References
Exodus 25:28W'a fè poto yo ak bwa zakasya, epi w'a kouvri yo nèt ak lò. Se ak poto sa yo pou yo sèvi pou pote tab la.
Exodus 30:5W'a fè manch yo an bwa zakasya, epi w'a kouvri yo ak lò.
Exodus 40:20Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
Numbers 4:8Y'a voye yon dra wouj sou li, y'a kouvri tout ak yon nap fèt ak po bazann, epi y'a pase manch pou pote tab la nan gwo bag yo.
Numbers 4:14Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la.