Exodus 26:14
W'a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
15W'a pran bwa zakasya pou fè planch ankadreman pou soutni tant Bondye a.
Cross References
Exodus 35:7po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya,
Exodus 36:19Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a.
Numbers 4:5Lè lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l' yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li.
Psalms 27:5Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.
Isaiah 4:6Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l' pou loray ak lapli pa fè l' anyen.
Ezekiel 16:10Mwen mete bèl rad bwode sou ou, yon pè soulye fèt ak po bazann nan pye ou, yon bèl moso twal fin blan mare nan ren ou, ak yon chal swa.