Exodus 27:19
Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 27:3Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv.
Exodus 38:20Li fè tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a an kwiv.
Exodus 39:40rido pou galeri a, poto yo, sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre sou galeri a, kòd yo, pikèt yo ak tou sa yo bezwen pou fè sèvis nan Tant Randevou a kote pou Bondye rete a,
Numbers 4:32poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a.
Ecclesiastes 12:11Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.
Isaiah 33:20Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase.