Exodus 27:9
W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 26:31W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a.
Exodus 36:17Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la.
Exodus 39:40rido pou galeri a, poto yo, sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre sou galeri a, kòd yo, pikèt yo ak tou sa yo bezwen pou fè sèvis nan Tant Randevou a kote pou Bondye rete a,
Numbers 3:26rido pou galeri ki fè wonn Tant Randevou a ak lotèl la, rido ki nan pòt devan galeri a ak tout kòd yo bezwen pou sèvi nan kay Bondye a.
Numbers 4:32poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a.
1 Kings 8:64Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv ki devan Tanp lan te twò piti pou pran tout ofrann sa yo.