Exodus 28:12
W'a moute yo sou de zèpòlèt jile a pou yo pa bliye branch fanmi pèp Izrayèl yo. Konsa, Arawon va pote non yo sou zepòl li pou Seyè a pa janm bliye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13W'a pran de moso lò pou moute pyè yo sou yo.
Cross References
Exodus 12:14Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.
Exodus 28:7Va gen de zèpòlèt, yonn chak bò jile a. Se yo ki pou tache moso devan an ak moso dèyè a ansanm.
Exodus 39:6Apre sa, yo pran pyè oniks yo, yo moute yo chak sou yon gwo moso lò, yo grave non douz branch fanmi Izrayèl yo tankou lè y'ap grave non moun sou so.
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Joshua 4:7n'a reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.
Psalms 89:19(089:20) Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.