Exodus 28:30
W'a mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l' lè l'ap parèt devan lòtèl Seyè a. Lè l'a kanpe devan lòtèl Seyè a, l'a toujou pote sou kè l' sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
31W'a pran twal ble pou fè rad ki ale anba jile a.
Cross References
Numbers 27:21L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo.
Judges 1:1Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?
Judges 20:23Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale.
1 Samuel 23:9Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l', li rele Abyata, prèt la, li di l' konsa: -Pote Bwat Bondye a vini!
1 Samuel 30:7David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David.
Nehemiah 7:65Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.