Exodus 29:30
Pitit Arawon ki va pran plas Arawon nan sèvis Seyè a va mete rad yo sou li pandan sèt jou, epi l'a antre nan tant lan pou fè sèvis li nan kote ki apa pou Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 8:12Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankò.
Exodus 29:35W'a fè tou sa m' te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen.
Leviticus 9:1Sou wityèm jou a apre yo fini avèk sèvis pou mete yo apa pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
Leviticus 12:2-Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.
Leviticus 16:32Se va reskonsablite granprèt yo va mete apa pou fè sèvis Seyè a nan plas papa l' la pou li fè sèvis pou mande Bondye padon, l'a mete rad fen blan yo, rad pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis.
Joshua 6:14Dezyèm jou a, yo mache fè wonn lavil la ankò yon sèl fwa. Epi yo tounen nan kan yo. Yo fè sa konsa pandan sis jou.