Exodus 3:14
Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:3Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.
Job 11:7Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
Psalms 90:2Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
Matthew 28:20Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
John 8:58Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.