Exodus 3:20
Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Mwen konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l'.
Cross References
Genesis 15:14Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès.
Exodus 6:6Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.
Exodus 9:15Si mwen te lonje men m' pou m' te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè.
Exodus 11:8Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.
Exodus 12:39Avèk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fè pwovizyon.
Deuteronomy 6:22Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo.