Exodus 3:6
Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:1Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la.
Genesis 17:3Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.
Genesis 26:24Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
Genesis 28:17Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
Genesis 32:9Jakòb lapriyè, li di: -O Bondye Abraram granpapa m' lan, Bondye Izarak papa m' lan! O Seyè, ou menm ki te di m' tounen nan peyi m' kote m' te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen.
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.