Exodus 32:1
Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:14Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.
Genesis 39:8Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'.
Genesis 44:15Jozèf di yo: -Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m' wè tout sa ki pral rive?
Exodus 14:11Yo di Moyiz konsa: -Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou soti kite Lejip la?
Exodus 20:3Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.
Exodus 24:18Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.