Exodus 32:5
Lè Arawon wè sa, li bati yon lòtèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo: -Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:14Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.
Exodus 32:4Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Leviticus 23:4Men jou pou nou fè fèt pou Seyè a, jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men dat pou nou reyini pèp la pou fèt yo:
Leviticus 23:37Men fèt pou nou fete pou Seyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li.
1 Kings 12:32Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo.
2 Kings 10:20Se poutèt sa li bay lòd pou yo fè tout moun konnen yo pral fè yon gwo sèvis pou Baal. Yo fè piblikasyon an.