Exodus 33:14
Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo.
Bib La
In The King James Version
And he said, My presence shall go with thee, and I will give thee rest.
In Context
15Moyiz di l': -Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la.
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Joshua 1:5Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
Joshua 22:4Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden.
Job 34:29Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
Isaiah 63:9nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
Daniel 12:13Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!