Exodus 33:17
Seyè a di Moyiz: -m'a fè sa ou mande m' lan, paske ou fè kè m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou!
Cross References
Genesis 18:32Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la.
Genesis 19:21Zanj lan di l'. Dakò, Mwen fè ou favè sa a ankò: mwen p'ap detwi ti bouk w'ap pale m' lan.
Deuteronomy 9:19Mwen menm, mwen te pè anpil lè m' wè jan Seyè a te fache, paske li te fache kont pou l' te disparèt nou nèt. Men, fwa sa a ankò, Seyè a koute m'.
John 16:23Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.
1 John 5:14Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li.