Exodus 34:18
Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye.
Cross References
Exodus 12:2-Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo.
Exodus 13:3Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'.
Exodus 13:6Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a.
Exodus 23:15N'a fè fèt Pen san ledven yo. Jan mwen te ban nou lòd la, n'a manje pen san ledven pandan sèt jou nan epòk yo fikse nan mwa Abib la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lè sa a, nou p'ap gen dwa parèt devan m' de men vid.
Deuteronomy 16:1Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Luke 22:1Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive.