Exodus 34:29
Lè Moyiz desann soti sou mòn Sinayi a, li t'ap pote de ròch plat yo nan men l'. Men, gen yon bagay li pa t' konnen. Lè li t'ap pale ak Seyè a, figi l' te vin klere byen bèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Arawon ak tout pèp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l' te klere, yo te pè pwoche bò kote l'.
Cross References
Exodus 16:15Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pa t' konn sa l' te ye. Yonn t'ap di lòt: -Sa sa ye sa? Moyiz di yo: -Sa a, se pen Seyè a ban nou pou nou manje.
Exodus 34:35Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l' pale ak Seyè a.
Joshua 8:14Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo soti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pa t' konnen yo tapral atake l' sou dèyè.
Matthew 17:2Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.
Mark 14:40Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pa t' kapab kenbe je yo louvri. Yo pa t' konn sa pou yo te reponn li.
Luke 9:29Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan.