Exodus 35:31
Li mete lespri l' sou li an kantite pou l' ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè a,
Bib La
In The King James Version
In Context
32pou l' konn fè bèl desen, pou l' fè travay an lò, an ajan ak an kwiv,
Cross References
2 Chronicles 2:14Manman li se moun branch fanmi Dann. Papa l' se natif natal lavil Tir. Li konn jan pou travay lò, ajan, kwiv, fè, wòch, bwa. Li konn jan pou koupe tou twal fin wouj, ble ak violèt, ak twal lenn tou. Li konn grave tout kalite desen, li ka fè tout kalite travay ou mande l' fè. L'a travay ansanm ak bòs pa ou yo, ak bòs wa David, papa ou, mèt mwen an, te genyen.
Isaiah 28:26Li konn sa pou l' fè, paske se Bondye menm ki moutre l' sa pou l' fè.
1 Corinthians 12:4Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.
James 1:17Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.