Exodus 39:1
Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Yo fè jile a ak lò, ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen blan tise byen sere.
Cross References
Exodus 26:1N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.
Exodus 28:5Pou fè travay la, atizan yo va sèvi ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen.
Exodus 35:19bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l' yo lè y'ap fè travay prèt yo.
Exodus 39:41bèl rad seremoni pou yo mete lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, mete sou li ansanm ak rad pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè travay prèt yo.
Ezekiel 42:14Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a.
Hebrews 9:12Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.