Exodus 40:29
Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan.
30Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'.
Cross References
Exodus 27:1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè.
Exodus 38:1Bezaleyèl fè lòtèl pou boule ofrann yo an bwa zakasya. Li fè l' kare kare: Li te mezire sèt pye sis pous longè, sèt pye sis pous lajè, kat pye sis pous wotè.
Leviticus 1:1Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l' konsa:
Matthew 23:19Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lòtèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?
Hebrews 9:12Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.
Hebrews 13:10Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gen dwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a.