Exodus 40:33
Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la.
Bib La
In The King James Version
In Context
34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
Cross References
Exodus 39:32Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'.
Numbers 1:50Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
1 Kings 6:14Se konsa Salomon fin bati Tanp lan.
Matthew 16:8Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
John 10:9Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje.
John 17:4Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè.