Exodus 5:1
Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:23Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l' ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan.
Exodus 6:27Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa.
Exodus 7:16W'a di farawon an: Seyè a, Bondye ebre yo, te voye m' di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l'.
Exodus 8:17Moyiz ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men li avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la.
Exodus 9:1Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen.
Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.