Exodus 6:2
Bondye pale ak Moyiz, li di l': -Se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
And God spake unto Moses, and said unto him, I am the LORD:
In Context
Cross References
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
Exodus 6:8Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt.
Exodus 17:1Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè.
Isaiah 42:8Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.
Isaiah 43:15Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!
Jeremiah 9:24Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa.