Exodus 6:4
Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m' te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:18Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo.
Genesis 15:13Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an).
Genesis 17:4-Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon.
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Genesis 23:4-Se etranje mwen ye, se depasaj mwen ye nan mitan nou. Vann mwen yon anplasman pou m' ka antere madanm mwen, konsa m'a wete kadav la devan je m'.
Genesis 28:4Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.