Exodus 7:17
Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan li ankò.
Cross References
Exodus 1:22Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv.
Exodus 5:2Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote.
Exodus 7:5Lè m'a frape peyi Lejip, lè m'a fè pitit Izrayèl yo soti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Seyè a vre.
1 Kings 20:28Yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, wa Izrayèl la, li di l' konsa: -Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske moun Siri yo di se yon bondye mòn mwen ye, mwen pa konn tè plat, mwen pral lage tout gwo lame sa a nan men ou. Konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Psalms 9:16(09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
Psalms 83:18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.