Exodus 8:19
Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:24Grap mèg yo souse sèt bèl grap yo. Mwen rakonte rèv yo bay divinò yo, men yo yonn pa t' kapab esplike yo ban mwen.
Exodus 9:4Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri.
Exodus 10:7Moun pa farawon yo vin di l': -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini!
Exodus 11:7Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la.
1 Samuel 6:9N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou.
Daniel 2:10Nèg save yo reponn wa a, yo di l' konsa: -Pa gen pesonn sou tout latè ki ka fè wa a konnen sa l'ap mande la a. Se poutèt sa, pa janm gen wa, li te mèt gran kou l' gran, li te mèt gen pouvwa pase sa n' pa konnen, ki ka mande yon majisyen, yon moun ki li zetwal osinon yon nèg save bagay konsa.