Exodus 9:28
Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:4Y'ap vole sou ou, sou pèp ou a, sou tout moun pa ou yo.
Exodus 8:28Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.
Exodus 11:1Seyè a di Moyiz: -Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Wi, lè l'a pare pou l' kite nou ale a, se mete l'ap mete nou deyò.
Psalms 29:3Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.