Ezekiel 1:10
Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 2:3Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.
Numbers 2:18Tout moun k'ap mache anba làbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan.
Deuteronomy 28:49Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
1 Chronicles 12:8Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn.
Proverbs 14:4Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt.
Isaiah 46:8Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè!