Ezekiel 1:18
Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire.
19Chak fwa bèt yo deplase, wou yo deplase tou ansanm ak yo. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou.
Cross References
Job 37:22Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.
Psalms 97:2Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
Isaiah 55:9Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m' byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m' byen lwen chemen pa nou.
Zechariah 4:10Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l'! Zanj lan di m' ankò: -Lanp sèt branch ou wè la a se sèt je Seyè a ki wè tou sa k'ap pase sou latè.
Revelation 4:8Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an.