Ezekiel 1:28
Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:3Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.
Exodus 16:10Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nwaj la.
Exodus 24:17Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t'ap boule sou tèt mòn lan.
Leviticus 9:24Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.
Judges 13:20Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.
Isaiah 54:8Kòlè te fè m' pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. M'ap moutre ou jan m' toujou renmen ou. Se Seyè k'ap delivre ou la ki di ou sa.