Ezekiel 1:4
Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Nan mitan van an, mwen wè kat bèt, ou ta di kat moun.
Cross References
Exodus 19:16Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
Deuteronomy 4:11N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.
2 Kings 2:11Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
2 Chronicles 7:1Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.
Psalms 18:11(018:12) Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.
Psalms 97:2Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.