Ezekiel 10:1
Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
Genesis 18:22Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Seyè a te rete ak Abraram.
Genesis 32:24Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou.
Exodus 24:10Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l', te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nwaj menm ladan li.
Joshua 6:2Seyè a di Jozye konsa: -Koute. Mwen pral lage lavil Jeriko nan men ou ansanm ak wa a ak tout vanyan sòlda li yo.
Psalms 68:17(068:18) Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.